Yon Sinfoni Nan Lanmè A Poem by Hebert Logerie

Yon Sinfoni Nan Lanmè A

Koute vag yo, se kwè yon sinfoni ki nan lanmè a
Kote Konpa Ayisyen an kap adousi batman kè e nè moun yo
Koute ki jan vag yo ap roule monte desan nan la rad la
Bò lan mè a klere kwè yon bèl fanm ki cho.

Mwen santim ipnotize nan konsè de memwa sila
Kote ke map dòmi tankou yon timoun sou yon kanape
Matant mwen tap chante tankou yon sirèn sou kare a
Li pran de bèl not ki te dous, swa, ki parèt fasil a tande.

Koute vag yo kap roule nan mitan lan nwit la, tande
Tande eko maren yo kap wonfle, bri eko yo pa trò lwen
Map fè yon rèv, map nwaye tankou yon tòti ki nan pi a.

Koute vag mistik yo ak vag timik yo ki nan lanmè a
Mwen wè matant kap danse devan legliz la ak yon pan
Mwen te nwaye epi nanm mwen tap vole tout kote.

Copyright © Septanm 2017, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon ekriven ki piblie plizyè Koleksyon powèm.

This is a translation of the poem The Symphony Of The Sea by Hebert Logerie
Tuesday, September 12, 2017
Topic(s) of this poem: music,sound
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success