Tichou, Eske Ou Konn Kisa Mwen Renmen Nan Ou? Poem by Hebert Logerie

Tichou, Eske Ou Konn Kisa Mwen Renmen Nan Ou?

Tichou, eske ou konn tout sa kem mwen renmen nan ou?
Ou se yon bèl fanm
Ou gen bèl manmb
Bel bouch ak bèl janmb
Ou se yon fanm ki djanm
Se sa ki fè ke mwen fou pou ou.

Ou gen yon bèl souri
Ou konn kijan pou yon fanm ri
Ou konn kwit manje byen
Ou gen anpil byen
Ou mache kwè yon modèl
Ou konn kijan pou ou fè tèt ou bèl
Ou peye tout kalite bil
Mwen renmen ou anpil
Paske ou pa ba mwen bil
Ni tèt, ni vantt ak kè fè mal
Ou se yon fanm total kapital
Yon fanm ke mwen respekte
Tichouchou, ou pa bezwen pè
Mwen pa yon gason ki visye
Banm ti bagay la, nap gen la pè
Nou pral mouri ansanm
Paske ou se yon bèl fanm.

Copyright © Me 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki piblye plizyè liv de pwezi.

Tuesday, May 14, 2019
Topic(s) of this poem: love,woman
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success