Souri Ak Je Ou Poem by Hebert Logerie

Souri Ak Je Ou

Toutou, souri ak je ou
Mete mask ou
Kouvrinen kout ou a
Kòm si ou te gen yon jipon
Sou bèl bouch dous ou a.

Kouvribèl machwè ou a
Kite mask la sou figi ou
Banm yon ti pòz seksi
Kòm si wap pran yon bon plezi
Tanpri cheri souri ak je ou.

Ou se yon fanm ki dous kwè sik
Ou gen yon gran souri majestik
Ak yon estil mistik
Mete mask ou
Epi souri ak je ou.

Copyright © Oktòb 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Smile With Your Eyes by Hebert Logerie
Wednesday, October 7, 2020
Topic(s) of this poem: love,smile
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success