Se Nou Tout Kap Detwi Ayiti Poem by Hebert Logerie

Se Nou Tout Kap Detwi Ayiti

Se nou tout kap detwi Ayiti
Tanpri kanpe, estop. Bay peyi Dayiti
Yon otòn rich. Genyen twòp vòl, twòp vandal
Twòp destriktè ak twòp eskandal
Pou yon peyi ke yo apòvri ak eksplwate twòp
Bay Ayiti yon chans poul viv byen. Ayiti soufri twòp
Bal yon ti repo. Gen twòp vyolans ak enjistis
Ayiti bezwen lapè, lanmou ak yon bon jistis
Poukisa nou tout ap krazeAyiti konsa?
Ayisyen, tanpri sispann bay peyi a twòp traka
Ayiti bezwen lanmou ak konpasyon de tout moun
Tanpri, ede Ayiti nan tan destriksyon sa kote ti moun
Kwè gran moun ap mouri. Rayisman se boule, touye e detwi
Yo konn fè sèlman. Sispann kraze, brize. Sispann detwi
Ayisyen, reveye, ouvri ge nou. Nou bezwen yon nouvo kòmansman
Debarase nou de move grenn yo. Se pou nou travayak bon grenn
Nan dyaspora a. Se pou nou batay kont koripsyon, kont tout vòlè èd yo
Fòk nou rete pozitif! Se pou nou debarase de tout vye magouyè yo
Tanpri sispann tout vye vyolans ak aboli tout bagay ki pa gen sans
Ayiti bezwen yon sezon nouvo ak bi bon sitoyen ki gen bon sans
Ayisyen, fòk nou ede nasyon nou an vinn tounen yon oazis, yon bon zetwal
Fòk nou rasanble, ini pou de bon! An nou kanpe kòm si nout te nan yon danss
Nan tan kriz sa, an nou aksepte lanmou; an nou rejte lahèn, lanmò ak vyolans.

Copyright © Septanm 2019, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Everybody Is Destroying Haiti by Hebert Logerie
Thursday, September 26, 2019
Topic(s) of this poem: love,love and dreams,love and life,peace,unity
POET'S NOTES ABOUT THE POEM
Ann priye pou Ayiti. Let's pray for Haiti. Prions pour Haiti. Oremos por Haiti. Vamos orar pelo Haiti. Preghiamo per Haiti. Wacha tuiombee Haiti.
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success