Sa yo se pa gout lapli, ti cherim
Sa yo se dlo nan je reyèl. Non, li pap fè lapli.
Non, nèj pap tonbe. Non, lapli pap tonbe
Dlo sa yo otantik e douloure
Sa te fèm mal anpil depike ou te ale a
Pa gen anyen kibèl isiba.
Li fèanpil solèy, men lapli mouye
Tout anndan kèm.Yo kalotem anpil sou
Wout lavi a, depi ke ou te ale ak gro van an
Mwen blese paskem kouche tou sèl sou sab la.
Sa yo se pa gout lapli, ti cherim
Sa yo se dlo nan je reyèl. Non, li pap fè lapli.
Copyright © Novanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon pwezi.