Renmen moun ki renmen w
Apresye moun ki apresye w
Yon chyen pa janm mòde mèt li
Si yon chyen fè sa, se metel nan dòmi
Mesye, rinmin fanm ki rinmin ou
Medam, renmen nonm ki pran swen ou
Si yon moun pa rinmin ou, pa fache
Yon moun gin dwa pa rinmin w
Sa se demokrasi, tout moun gin libète
Rinmin moun ki sèvi avèk w
Meprize ou inyore moun ki pa renmen ou
Rete ak tèt frèt, pa aji kwè yon moun ki fou
Lè chyen jape mèt li, se paske kèl kontan
Min lè li mòde mèt li, se paske li frekan, li mechan
Lè sa fòk ou frape li fò, fòk ou voyel al dòmi
Yon chat toujou respekte mèt li
Renmen moun ki renmen w
Apresye moun ki apresye ou
Pa kraze kòr pou moun ki pa renmen w
Sependan fè sa ou kapab pou moun ki pran swen ou
Pou moun ki pa ipokrit ou ingra
Vie chat ap toujou rete vie chat
Yap toujou aji menm jan ak yon vie krab
E yap toujou konpote yo kom yon vie rat
Renmen moun ki renmen w
Apresye moun ki apresye w.
Copyright © Jen 2017, Hebert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv de pwezi.