Poukisa se toujou Ayiti?
Poukisa se peyin nan ankò?
Poukisa se toujou nou ankò?
Men non, nou pa moun fou
Twòp san ap koule san nesesite toupatou
Nan tout koridòr; twòp kriye sou tout galri
Tèt koupe toupatou. Gwo peta, gwo bal ki sot lòt bò
Ap touye frèn, sèn. Lakou a chaje ak jenn vwayou
Ak kriminèl. Menm lougarou yo kache anba tapi
Nou sezi, nap reflechi. Poukisa tout goumen sa
Pou pouvwa, pou fanm, pou lajan, pou lamama?
Yap touye moun tankou bèt, tankou zanimo
Ki konn manje rat, sourit, mangous, pan ak krapo
Men, peyi a pa yon forè. Se yon fyasko!Sa se yon defèt!
Poukisa dlo nan je tout tan, gen anpil lanmò?
Bagay yo tèlman mal se zewo regrè, zewo remò
Yon pèp, ki bliye fasil, pap janm gen yon gen bònn vi
Pèp sa a pa gen okenn avni, pa gen objektif e pa gen enèji
Se lanmò, la mizè, la desepsyon, linjistis. Se la tristès
Ak rankyn. Se yon nasyon ki ap viv nan doulèak detrès
Poukisa tout vye krim malveyan sa yo sou tè a?
Kote Sent yo, Zanj yo ak Bondye ki gen tout pouvwa a?
Kote yo? Kote yo? Anmwey! Nou poze tèt nou mil kesyon
Li lè li tan pou moun serye pran plizyè bèl aksyon
Fòk nou pa sispann pale, reyèlman vrefòk nou aji
Pou sove Ayiti Toma ki konnen anpil laperèz ak mati
Nou mande poukisa, poukisa plis pase yon milyon fwa
Jiskaske nou pèdi sante nou, sanite nou, sentete ak la fwa
Nou mande ankò e nou fout mande ankò poukisa se
Ayiti? Ayisyen, se yon pèp ki si tèlman fyè, fò, travayè e
Ki gen kouraj. Se move chans li gen anpil volè pouri kòm lidè
Fòk nou ekspoze yo toutouni nan lari ki santi, ki gen move odè
Sila. Bondye mwen, Powèt yo ta renmen itilize bèl ti mo kipa two
Cho, pou fè lwanj pou Ayiti, men la desans anpeche dlo
Monte mòn. Mezanmi yo entèdi silans, nou dwe boule mèch yo
Nou dwe voye dlo, boule lansan pou chase move lesprisa yo
Malgre tout bagay sa yo, Ayiti se yon peyi ki gen yon limyè espwa
Ke nou pa dwe kite nwaye nan antonwa dyab sa
Poukisa se Ayiti? Yon peyi ki plen potansyèl, nan mòn, anro, anba
Nan mitan, sou kote ak nan rivyè. Ak yon pèp ki gen bèl souri. Poukisa?
Poukisa anpil Ayisyen rete kloure sou kwa sila?
Poukisa se toujou Ayiti?
Poukisa se nou kap kontinye soufri?
Poukisa se nou kap kontinye mouri?
Copyright © septanm 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.