Pa Lage Frè Ki Toujou Kanpe Ak Nou Poem by Hebert Logerie

Pa Lage Frè Ki Toujou Kanpe Ak Nou

Pa janm lage frè nou
Frè kitoujou kanpe ak nou
Ayiti se yon bon e bel ti peyi
Ki fèt pou gen yon gwo nen
Nan ti figi li. Ayiti, Ayiti, Haiti
¿Porque Haití es un pais tan pobre?
Nèg, gwo nèg kite lamante
Sou mo sa yo, kite plenyen
Anpil sou sò nou, nèg sila
Se te yon frè tout bon kite
Kanpe ak Ayiti ti peyi fatra sa
Nèg sa pa ak nou kounyea
Aysyen, fòk nou pa blye
Fòk nou sonje ke nèg sila
Konn ki moun ke li te ye
Li te ede anpil, men se Ayisyen
Frè nou ki ekskanmòte, piye, gaspiye
Volè lajan ke yo te prete nou e ba nou
Pou ti pèp la ki grangou e kap soufri toujou
Fòk nou kinbe ak Venezyela
Fòk nou pa lage Venezyela
Pa blye peyi ki konn imilye nou
Yo konn ede tou, men pa blye foufou
Santi ke yo te eseye pase nan figi nou
Sonje kileski toujou konn kanpe ak nou
Sonje kipeyiki toujoufè lonè nou
Sonje ki peyi ki toujou respekte nou.

Copyright © Jen 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Wednesday, June 6, 2018
Topic(s) of this poem: brotherhood,solidarity
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success