Ou Pa Sonje Ti Cheri Poem by Hebert Logerie

Ou Pa Sonje Ti Cheri

Ou pa sonje ti cheri
Ke mwen te konn chante pou ou
Mwen te konn fè ou ri
Mwen te konn jwe gita pou ou
Ou bliye bon ti mo, bèl ti powèm
Ke mwen te konn ekri pou ou
Tout tan mwen te konn di ou: je t'aime
Ou te fòl e mwen te fou.

Ou pa sonje ti cheri
Ou gen tan bliye tout bèl bagay
Ki te konn pase, tout bèl mèvey
Ki te konn rive. Mwen te yon grenn la pli
Pou ou, ou te tankou yon tè ki te swaf anpil
Kounye a ou bliye tout bagay. Wap bam bil
Ou pa renmen mwen ankò
Ou pa vle touche mwen ankò.

Ou pa sonje ti cheri
Ou déjà blyem, bèl manmi.

Copyright © Me 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè plizyè liv pwezi.

Wednesday, May 30, 2018
Topic(s) of this poem: remember,remembrance,reminiscences
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success