Ou gin dwa paret nwa
Ou gin dwa aji nwa
Ou se frè m
Ou se sè m.
Ou gin dwa paret blan
Mwen di sa pou anpil rezon
Ou se frè m
Ou se sè m.
Jetem nan ravin koulye a ou demen
Bondye ap pwotejem anba lapenn
De vye istwa san sans
De tout kalite vye vyolans.
W menm ak mwen se frè
W menm ak mwen se sè
Se pou nou viv nan kè poze
Epi fok nou kite latè nan yon sèl pyès.
Nou tout fè pati de yon menm fanmi
Nou tout reve e renmen libète
Nou tout respire lè a gratis ti cheri
Nou tout renmen gaye deyò sa nan ti paradi.
Ou te met klè
Ou te met pè
W se toujou frè mwen
W se toujou sè mwen.
Copyright © Desanm 2016 Logerie Hébert, Tout dwa (dwet) rezève
Hebert Logerie se yon otè lakay ki ekri yon koleksyon de bon ti powèm.