Mwen Manke Ou Anpil Poem by Hebert Logerie

Mwen Manke Ou Anpil

Ou konnen ki moun ou ye
Avèk tèt mwen, mwen nan lagè
Mwen pa gen lapè
Mwen manke ou anpil
Ou konnen ki moun ou ye
Mwen wè ou nan rèv mwen
Wap menen, wap rejwi
Mwen wè ou, ti bebe'm nan
Ou se kout zèklè ki
Klere lan nwit nwè mwen
Ou se ti krèm mwen
Ou se fa nan lanmè mwen
Ou se zetwal mwen.

Mwen manke ou anpil
Ou wèm lè maten
Nan fon gwo glas la
Mwen wè ou pandan ke map medite
Lè mwen fèmen je' m
Kote mwen wè yon dividal papiyon
Kap banbile nan syèl la
Vini non, pote anvi damou
Ak bon bo dous
Mwen manke ou anpil
Mwen vle touche ou, ti bebe' m nan.

Copyright © Avril 2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se yon otè ki ekri anpil pwezi.

This is a translation of the poem I Miss You Dearly by Hebert Logerie
Wednesday, April 4, 2018
Topic(s) of this poem: love,love and dreams,miss you
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success