Doulè Gen Zèl Poem by Hebert Logerie

Doulè Gen Zèl

Sa sonnen enkwayab e ankourajan
Doulè gen zèl. Li pral vole ale avèk le tan
Maltèt, doulè nan do ak resantiman
Pral byento disparèt tankou sezon fredi ak prentan.

Doulè gen zèl. Kitel, wi kitel fè shimen'l
Gen pasyans ak detèminasyon. Pare pouw ka ale an avan
Kalme ou. Itilize sèvo ou, pasyans ak imajinasyon
Presyon an pral diminye aprè yon bon kous chwal.

Lavi a pa toujou tankou yon ti mache nan pak la
Gen plizyè monte, desann ak polis kouche nan wout la
Doulè gen zèl. Bagay yo ap vin difisil e nwè anpil.

Apre fredi, sezon prentan an ap vini e ete a pa twò lwen
Doulè gen zèl. Yon papiyon al pi vit ke yon gwo krapo
Bagay yo ap vin pi bon. Epi fòk ou pa bwè twò lontan.

Copyright © septanm 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

This is a translation of the poem Pain Has Wings by Hebert Logerie
Thursday, September 10, 2020
Topic(s) of this poem: hope,pain
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success