Jodi a se yon kokenn jou
Chak jou se yon bel anivèsè de nesans
Si yon moun gen bonn sante
Ou gen yon gwo richès
Paske maladi koute chè
Vye maladi yo trè destriktif
Doulè fè ou santi ou fin vye granmoun
Maladifè ou santi ou trè frèt e frajil.
Mwen kontan ak viv mwen
Mwen ka mache, naje e plonje
Nan fon yon lanmè ki trè ble
Vi se yon bon bagay, la vi a bèl
Mwen ka souri, ri e mwen wè
Epi mwen ka pran sant freshè
Bèl fanm akbèl flè yo
Ki nan kwen gwo jaden an
Lavi fèt ak kè kontan e kèk erè
Se konsa, mwen rete yon bon moun.
Chak jou se yon bèl anivèsè de nesans
Jodi a se yon lòt jou ki trè janm
Solèy la pa gen anyen poul wè ak anyen
Lalin lan la. Kitem pale, kitem chante
E fè lwanj pou Seyè a paske li bon
Lavi mwen plen ak sajès e kontantman
Bliye tout lajan, ti manman cheri, siwo myèl mwen
Nan kè nou, li toujou fè cho, li fè toujou solèy.
Copyright © 2 Oktòb,2018, Hébert Logerie, Tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè a nan plizyè koleksyon powèm.