Ayiti Bezwen Bon Dirijan Poem by Hebert Logerie

Ayiti Bezwen Bon Dirijan

Ayiti bezwen bon dirijan
Ayiti pa bezwen prezidan
Ayiti bezwen yon bon directè
Ayiti pa bezwen senatè
Ayiti bezwen yon bon jeran
Ayiti pa bezwen yon pedan
Ayiti bezwen yon bon pitit
Ayiti pa bezwen yon sansi
Kap souse li la jounen ak lan nwit
Ayiti bezwen plis moun ki ka li ak ekri
Ayiti pa bezwen depite
Ayiti bezwen bon palemantè
Ki pap volè, fè magouy ak piye
Ayiti bezwen moun ki renmen la pè
Ayiti bezwen bon Ayisyen
Pa move lidè kap batay kwè chyen
Ayiti bezwen bon sitwayen sèlman
Ayiti pa bezwen rat dokale, sourit akvye aganman
Konpatriòt mwen yo, eskem bliye di yon bagay
Ou byen, eskem eksajere? Mwen pa lan tripotay.

Copyright © Out 2020, Hebert Logerie, tout dwa rezève
Hébert Logerie se otè plizyè liv pwezi.

Wednesday, August 5, 2020
Topic(s) of this poem: corruption,happiness,leadership,misery
COMMENTS OF THE POEM
Close
Error Success