Mwen pa pran sousi de sosyete
De nèg sòtt e blan mannan sa
Mwen pa pran sousi de povwete
Ke yon bann kriminèl, magouyè koze
Maladi pa janm diskrimine
E lanmò pini moun jouk nan dènye souf la.
Kite melem ak moun ki konsantre sou koulè
Chak jounen e chak segond Bondye mete
Kite melem ak milyonè visye, gwo vòlè
Ki sanble ak vye eponj sal ke yo fin ize
Koronaviris deja detwi lekonomi di mond
Nan yon faktè de tan, nan kèk segond.
Kite melem ak moun ki toujou pè
Ki pè pale pou yo di la verite
Kite melem ak toutt asasen atoufè zonzon
Ki kidnape e manje moun kwè vye lyon
Maladi a kòmanse ak yon ti tous
Lanmò egziste, li la pou nou tout.
Se pou nou pwoteje youn ak lòt
Se pou nou ede e renmen youn ak lòt
Ansanm, nou ka reyisi
Men se ansanm, nou dwe ini
Pou nou ka batt nouvo koronaviris la
Wi, nou ka detwi vye viris sal sa.
Copyright © Mas 2020, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se yonotè plizyè koleksyon de powèm.